Francais | English |  

 


Sa fanatik yo panse
 

Mwen se yon Enjenyè elektrik, men sa pa anpeche mwen fè foli pou bèl achitekti peyi a. Mwen plen respè pou fason lèzom rive chanje anviwònman an, avèk talan atis nou yo . Sou kesyon sa a, Ayisyen gen anpil don wi.

Nan sit sa a, gen de bagay mwen pral pale sou yo. Toulède nan kè kapital la. Premyè a, se ansyen kay yo rele "Gingerbread" yo. Bèl kay sa yo reprezante yon gwo mòso istwa achitekti peyi a. Pèsonn pa konnen tout bon vre ki kote estil sa a soti, men lè ya p fè yon rale sou sa Ayisyen fè nan domèn achitekti, akote gwo reyalizasyon tankou sitadèl Laféryè yo toujou pale sou "Gingerbread". Ou ka jwenn lòt kay ki sanble ti kras avè yo apari, nan sid etazini men yo pa genyen tou sa ou ka wè nan sa ki nan peyi a. Fò nou fè jefò pou "Gingerbread" nou yo pa pran pant glise pou disparèt. Fò nou pa bliye non plis tou non twa gwo achitèk ki te bay estil sa a jarèt : Léon Mathon, Georges Baussan, Eugène Maximilien.

Dezyèm nan, se plas piblik yo ki retounen jwenn bèl figi yo te gen lontan, yon bagay k ap itil kapital la anpil. Mwen wè si yo bay bagay sa yo plis valè, mwen sèten touris ap retounen vin vizite peyi a epi manbre ekonomi an ki andegraba jounen jodia, se pou tèt rezon sa yo ki fè m chwazi de sijè sa yo.

Bèl kay ak plas piblik nou pral admire nan sit sa a, se chak jou Bon Dye mete nou wè yo. Men petèt, nou ka pa rekonèt yo, men, nou mèt kwè m, se nan mitan vil Pòtoprens tout ye.

Grasa kamera m, mwen envite nou gade ankò bèl mèvèy sa yo ki se yon fyète pou chak ayisyen epi tou yon kokenn chenn bèlte pou grenn je nou.

Pran plezi n.

*
..."Liberté ! C'est pour toi, c'est pour dresser un temple
Digne de ta splendeur sous cette île au ciel bleu;
C'est pour t'offrir leur culte et consacrer leur voeu,
Que ces âmes dans l'ombre et le malheur trempées
Sous des cercles de feu tracent leurs épopées ! "...

Massillon Coicou
[ Vertières ]

*tèks original

 
The Spider : dimwen@rapadou.com
Copyright © Mas 2001