|
Ki sa rapadou a ye ?
Moun kap viv nan zòn yo plante kann
tankou leyogan, sèvi ak rapadou tankou yo ta sèvi ak sik. Rapadou se
yon edilkoran. Yon espès sik atizanal mawon san okenn pwodi chimik.
Rapadou gen yon latrye sekrè ak bab
moustach pou la sante, ki kache nan pakèt kose ki ekri sou sit sa
a...
Ki jan yo fè Rapadou
Lè yo kase kann lan nan moulen, li
bay ki kann. Ji kann kwit bay siwo kann. Siwo kann ka sikre ji, lèt,
men pifò moun ki rete nan zòn moulen yo se kafe yo fè dous ak ji
kann. Konesè yo di kafe sikre konsa se yon lòt zafè.
Lè yo bouyi siwo kann ak yon
konpozisyon sann pou fè ji a vin pwès, li bay yon kalite labouyi ki
lè li frèt vin bay sa yo rele rapadou a.

|