Francais | English |  

 


Sa fanatik yo panse
 

Nou pa kapab pale sou lanati peyi n, bèl kote pou touris vizite san nou pa di anyen sou moun. Fanm ak gason se nanm tout sosyete. Se yo ki gen don pou fè lanati a bèl oswa fad. Yo viv nan yon maryaj kole sere ak lanati a epi tou se yo menm ki mete kanpe bèl kay, bèl fasad pou ki fè l pi bèl ou pi enteresan pou viv. Chak kote yo pase, fanm ak gason montre yo la, nan fason yo viv, sèl oswa nan tèt ansanm ak lòt eleman nan lanati a.

Lè yon moun wè kamera, li gen tandans ranje kò li oswa bay yon lòt figi. Se pou sa fè foto ki jan fanm ak gason ap viv nan mitan lanati a pat fasil ditou ditou. Mwen fè anpil efò pou m rive pran yon seri foto, kote moun yo an komikasyon ak antouray yo, ak lanati a, san yo pa wè m. Jan w pral wè yo la, se konsa petèt w ap kwaze yo sou wout ou lè w deside fè yon ti flann tou. Yon timoun k ap ri, yon ti lepè ki sanble fatige, yon fanm byen djanm k ap travay, bèl kout peny peyi yon ti fi ki pral lekòl oswa legliz…tout sa se reyalite yon zile kote moun ap viv tankou moun.

*
..." L'eau s'allume d'or fauve aux reflets des dorades,
l'horizon flambe et les voiliers quittent les rades.
Ce tableau de marine, Aujame l'eût choisi :

le torse nu, les Noirs, en pleine apothéose
se redressent puissants sur le ciel grandiose
Comme une large fleur au velours cramoisi
"

Crepuscule
Emile Roumer
* tèks orijinal

 
The Spider : dimwen@rapadou.com
Copyright © Mas 2001