| |
Mwen
fèt nan lakou peyi d Ayiti. Yon ti kote ki byen difisil pou
w konprann, mwen pa kwè gen de konsa. Pafwa mwen wè
peyi m tankou yon bèl kreyòl ki konnen valè
l e l ap fè gason mache; lè ou kwè ou bon,
ou wè ou pa nan won. Maton yo di Ayiti se tè glise.
Men gonmbo glise sa a, lè moun vini goute l yo pa mande ale.
Mwen
ta renmen jwenn bèl
fraz moun save pou m pale de peyi m. Men, mwen pa maton nan pwezi
ak di pawòl swa. Se pou tèt sa, mwen fè yon
bouke ak de twa bèl pòtre, bèl imaj, sou entènèt
la pou m pataje ak nou.
Si
yon jou, ou rive nan sitiyasyon pou rekòmande sit sa bay
yon moun paske ou an pann mo pou eksplike reyalite peyi Dayiti se
va deja yon gwo rekonpans pou nou menm ki travay sou li a. Lè
sa a na va santi travay nou sèvi kichòy.
Nan tan lontan,
zile sa a se te boul lò lèzanti. Menm si l pran kèk
move pataswèl nan men aganman tout plim tout plimay, lanati
ak moun k ap viv ladan l toujou rete bèl. Nou ta menm di,
entak. Pou konprann sa a, ou blije fèmen je w pou admire
l ak je ki nan kè w. Ou kwè se bèl pye bwa,
ak bèl jaden, ki nan chak bouk, chak bitasyon... Li enpòtan
pou nou pwoteje yo, pou richès nou pwal wè la yo kapab
donnen epi kòmanse rapòte kichòy pou peyi sa
a. Kilti peyi sa, fason nou viv, bon jan akèy pèp
Ayisyen renmen bay moun vini, se tou sa mezanmi ki se avantaj bab
ak moustach pou nou chita yon bon jan plan ki pou rale mennen touris
pa bò isit.
Sa m sot di
la yo soti nan tout zantray mwen. Nan sans sa a, se ak kè
kontan mwen envite nou founi je n gade albòm foto m. Sa nou
pral wè la a, se yon ti lòsyè nan sa lanati
Ayiti sere pou nou, sou kote pou touris
al banbile ak sou fason moun
viv sou zile sa a. Pi rèd toujou, nan sit sa a, m ap
ban nou kèk ti konsèy
sou ki jan nou sipoze pran chimen pou n al fè touris. M ap
fè n goute tou kèk bon plat
manje koupe dwèt epi ede n dekouvri bèl ti kado
souvni pou n antre lakay nou.
Layite kò
n, sikre je n...
Ti pawòl
dous otè a
|