|
Si
ou deside al fè yon ti pwonmnen nan lanati peyi a, li enpòtan
anpil pou w panse ak de branch trip ou paske tankou yo di l pa bò
isit "Sak vid pa kanpe". Lontan, depi m debake nan yon
vil epi grangou bare m, se bagay m abitye manje mwen mande. Kèk
fwa, move chans konn fè m pa jwenn anyen bouch mwen konnen.
Kidonk, m reziyen m manje sa m jwenn. Konsa, piti piti sa pèmèt
mwen dekouvri chak kalte manje zòn sa yo fè. Monchè,
depi lè sa , zonbi goute sèl li pa mande rete.
Ebyen,
sa vin tounen yon abitid pou mwen. Lè m ap fè touris,
se de bagay k ap bouyi nan tèt mwen : fè bèl
foto epi goute manje chak vil mwen vizite. Petèt, ou ta enterese
pou m kase mòso nan ti sekrè m yo ba w, men li on
ti jan difisil. Antouka, m ap senpman ba w kèk ti poul sou
manje ou sipoze goute lè w fè yon ti kout pye nan
chak vil sa yo.
OKAP
: Nwa ak Kasav
Nwa se
poto mitan manje nan depatman Nò, sitou nan vil Okap. Moun
yo fè prèske tout manje ak nwa : sòs poul,
lanbi elatriye. Sonje tou achte kèk kasav nan mòn
lakoup nan zòn Lenbe. Kidonk, ou pa kapab sot Okap pou w
pa kenbe nan men w yon sachè nwa ak kèk kasav kokoye
byen sikre.
Sen
Mak : Mayi moulen
Ou paka
di m ou pa konn tande grandèt yo di "mayi sen Mak"
…Moun sen Mak tèlman konn prepari mayi a, ou menm rive
jwenn sachè mayi sen mak sou etajè gwo makèt
nan peyi Meriken.
Latibonit
: Diri ak lalo
Tout depatman
Latibonit la maton nan prepare diri ak lalo. M te gen chans wè
kèk kuizinyè k ap bouyi yon diri ak lalo. Monchè,
m pa kache di w, bouch mwen te kouri dlo. Lè w pral nan plaj
nan zòn Nò, sonje fè yon kanpe nan kalfou Monri
pou w manje yon bon plat diri ak lalo, w a di m !!!
Grandans
: Tonmtonm konbo ak sòs krab
Sa li
menm, pa gen manti se zòn Grandans sitou vil Jeremi. La a,
w ap jwenn li a gogo. Malerezman, mwen poko gen chans al Jeremi,
men bò lakay la, gen yon madanm ki konn prepare l byen papa
! Odè l bay sèlman ap fè w pran kouri bòl
nan men tankou moun fou!
Jeremi
: Konparèt
Men verite
a ! Sa a, tout bouch koud : konparèt se lapriyè moun
Jeremi. Men…li gou vre !
Nan
Sid : Pwason gwo sèl
Nan sid
peyi a, sòti Jakmèl al bout jouk Okay difon, moun
ki konn gou bouch yo di, lè w manje yon pwason gwo sèl,
se koupe dwèt. Malerezman, lestomak mwen anpeche m manje
bèt lanmè. Kidonk, mwen pa ka di n ki gou l genyen.
Si lestomak pa w anfòm, al fè yon goute epi tounen
vin di sa w panse. Tanpri !
Kavayon
: Kribich
Si w fè
yon kout pye Kavayon, sonje mande yon plat kribich. M..m..m, yo
di m li bon anpil !
Tigwav
: Dous makòs
Sa a li
menm se nanm ekonomi vil Tigwav. Men atansyon : premye fwa w al
achte dous makòs, li fasil fasil pou yo bwè w. Kidonk,
chaje ak fo dous makòs menm lè tout dous makòs
sanble ! Sila ki save nan koze dous makòs genyen pou yo rakonte
yon bann patati patata, tankou madan Makòs mouri elatriye.
Mwen menm, apre anpil monte desann, mwen tonbe sou bon dous makòs
la, makòs orijinal la ! Pa di m ou vle m ba w adrès
la…Se uit fwa wi yo pran m nan fotokopi dous makòs !
Fè yon ti mache tou monchè. Lè w resi jwenn
orijinal la, ou pap regrèt !
Okay
: Tablèt nwa nan fèy bannann
Okay fò
nan sa a vre ! Reyèlman tablèt nan fèy bannann
nan pi gou pase sila yo vann nan plastik la.
Pò
Sali : Pwason boukannen oswa sòs pwason
Pwochenn
fwa ou debake Pò Sali, sonje mande yon ti pwason boukannen
!
Miragwàn
: Pwason karang
Nan zòn
mwad jen ak mwa dawou, pase Miragwàn epi fè yo prepare
yon pwason karang pou ou. W a banm nouvèl !
|