|
Si ou rive la
sè ke ou visite sit lan jouk nan bout. Osinon ou vle fè
yon ti jouda sou ki moun ki fè kalite travay sa . Kenpòt,
mwen espere ke ou te aprann yon ti kichoy sou peyi a. Mwen swete
nan fon kè m sa te fè w plezi...
Koulye a li
lè li tan pou nou fè konesans reyèlman vre.
Ou wè sa m fè, ou gentan konnen twa ka nan mwen. Ti
rès ki rete a wap jwenn li nan ti tablo a kote a.
Men se pa sa
ki pi enpòtan. Menm jan se pa yon sèl dwèt
ki manje gonmbo, se menm jan an pou mwen te ka reyalize yon katafal
travay konsa, te genyen anpil moun enpòtan ki te gratis ti
cheri, ban mwen konsèy, koudmen ak ankourajman. Se pou yo
mwen fè dènye paj sa yo. Wout la te long. Chimen an
te gen anpil vire tounen, anpil devire, si yo pat la pou di mwen
: " Vanse Vanse ! W ap rive kan menm", mezanmi, gen lontan
m ta dekouraje wi !
Se pou tèt sa mwen genyen de ti seksyon ankò. Chapo
bà pou moun ki te banm koudmen, avèk "Ban
Dèyè djaz la" pou tout sa ki pa janm derefise
ban mwen, oubyen bay sa mwen fè, bourad.
Se sa ki enpòtan
pou mwen. Si jodi a mwen bout nan travay la, si jodi a pwojè
a vinn reyalite mwen dwe voye anpil lizaj pou tout fanatik sa yo...
Anfin mwen pa
ta ka ale san mwen pa mande sila ki anlè ya e ki gen tout
pouvwa, benediksyon pou ou menm ki ap li m kounye a.
O revwa.
Ti zarenyen an
|